Kreye Pou Touche
Vann pwodwi pèsonalize san materyèl, san stok, san lokal.
N ap chwazi 20 a 30 moun pou premye gwoup la, epi nap bati boutik yo gratis. wap sèlman peye lojisyèl la, yon ti monnen.

Sa nou fè pou ou
- Nou bati epi konfigire boutik ou san frè konstriksyon
- Nou liste jiska 4 prodwi pou ou.
- Nou teste yon kòmand avè w.
- Nou montre w kijan pou jere boutik la poukont ou.
Transparan depi nan kòmansman
Aplike gratis. Pa gen akseptasyon otomatik. Konstriksyon boutik la gratis pou moun nou chwazi; abònman lojisyèl la ak lòt depans operasyonèl yo ap eksplike klè pandan apèl la.
Kijan sa mache
1
Kandidati kout
De ti kesyon sou pwodwi w ak abònman lojisyèl la, epi kontak ou.
2
Randevou
Si pwofil ou koresponn, ou chwazi yon lè pou apèl la touswit.
3
Apèl
Nou pale sou pwojè w, abònman lojisyèl la ak pwochen etap yo.
4
Seleksyon & konstriksyon
Si nou chwazi w, ekip la bati boutik ou gratis.
Pran yon randevou
Reponn 2 kesyon, kite kontak ou, epi chwazi lè apèl ou a si pwofil ou koresponn.
1. Enterè w
2. Kontak
3. Randevou